Istwa nou
Fonde 2 janvye 1953
Pawasyen yo nan Sen James (Sen Jak) ki te kreye nan lane 1952 te konn selebre mès nan Red Feathers Farm Building, oditotyòm Barry College, nan legliz Sent Rose de Lima ak nan Holy Family (Lasent Fanmiy) avan ke yo te bati yon legliz provensyal, yon presbitè ak yon kouvan nan lane 1952. Yo te fòme tou yon klèb pou manb akèy ak klèb fanm yo.
Sou lobedyans pè William O’Farrell, kite sèvi kòm 2èm kire soti lane 1952 pou rive nan lane 1954, pawas la te louvri yon lekòl ki te gen 12 sal klas mè Adriyen Dominiken nan Michigan ak pwofesè layik te konn dirije. Pawasyen yo te bati “Shrine of Our Lady of Fatima” (Notredam Fatima) e yo te kreye Holy Name Society, Sosyete Sen Vensan de Pòl ak Club pou paran yo.
Kantite pawasyen yo te double vè lane 1960 e yo te bezwen yon pi gwo lokal pou te fè lamès. Nouvo legliz la te inogire nan lane 1963, e ansyen legliz la te tounen bibliyotèk lekòl la, yon sal klas, ak yon sal pou reyinyon.